Kredi pou Taks pou Timoun (The Child Tax Credit (CTC) pa yon nouvo kredi pou taks men li chanje pou 2021 an-gen plis kòb ki disponib e 90 pousan de moun ki elijib yo pral resevwa yon pèman davans otomatikman.

Elijibilite pou CTC yo

  • Si pitit ou a/ pitit ou yo gen laj ant 0 a 17 ane (Timoun yo dwe gen Nimewo Sosyal Sekirite pou yo kapab kalifye)
    • $3,600 pa chak timoun ki genyen laj 0 a 5 ane
    • $3,000 pa chak timoun ki genyen laj 6 a 17 ane
  • Pou ka resevwa tout lajan taks pou kredi pou taks pou timoun ou an ou pa kapab fè plis ke:
    • $150,000 pou moun ki marye ki ranpli taks ansanm e moun ke pèdi mari yo/ madanm yo ki kalifye
    • $112,500 pou moun ki reskonsab kay la.
    • $75,000 pou tout lòt moun ki peye taks yo
      • Aprè montan lajan ki anlè a kredi a vinn pi piti pwogresivman

Pèman davans la ap kòmanse an Jiyè

Intènal Revni (IRS) ap bay mwatye montan ki anlè a davans kòmanse 15 Jiyè, 2021.

Ou pral resevwa $300 pa mwa pou chak timoun ki kalifye ak depandan ki gen laj 0 jiska 5 ane ($1,800 nan plis ke 6 mwa) oswa $250 pa mwa pou ckak timoun ki kalifye ak depandan ki gen laj 6 jiska 17 ane ($1,500 nan plis ke 6 mwa). Wap jwen rès lajan an lè ou ranpli taks an 2022.

Kijan pou chwazi pa resevwa pèman yo chak mwa 

Ou pral resevwa otomatikman pèman kredi pou taks yo (CTC) chak mwa si ou te ranpli taks pou ane 2019 oswa 2020 e reklame Taks Kredi pou Timoun yo lè ou te ranpli taks oswa si-w te bay Intènal Revni enfòmasyon pou Moun ki pa Ranpli Taks yo sou sit IRS.gov pou resevwa pèman estimilis yo.

Si ou vle chwazi pou yo pa ba-w pèman an chak mwa oswa chanje nonm timoun ke ou genyen kòm depandan, ou kapab itilize Pòtal IRS la pou chanje enfòmasyon yo.

https://www.irs.gov/credits-deductions/child-tax-credit-update-portal

Si-w poko ranpli taks pou ane 2020 an oswa ou pat oblije ranpli taks pou ane 2021 an.

Ou pral otomatikman resevwa pèman pou CTC a chak mwa si…

Ou pat ranpli taks an 2020, ou pat oblije ranpli taks an 2021, e ou pat bay Entènal Revni enfòmasyon-w nan sit pou Estimilis pou Moun ki pa Ranpli taks yo.

Disponibilite Preparasyon pou Taks ak Asistans pou CTC

Pou sèvis preparasyon pou taks gratis vizite paj  Sit Taks  nou an pou plis enfòmasyon.

Pou asistans oswa plis enfòmasyon konsènan CTC a tanpri kontakte Navigatè Finansye yo nan seksyon Finans Otonòm nan nan Biwo Majistra a.

Plis enfòmasyon nan CTC!

Boston Tax Help Flyer / An Kreyòl

Resous de patnè nou yo!

Vizite childtaxcredit.gov pou plis enfòmasyon!

Translate »